SD1844 Yon Lwa pou Asire Sante ak Sekirite Elèv ak Edikatè Commonwealth la
Pwojè lwa sa a etabli nouvo egzijans vantilasyon leta ke enstalasyon lekòl piblik aktyèl ak sa ki pral genyen yo dwe respekte ni nan kondisyon nòmal ni nan kondisyon pandemi, rann obligatwa pou distri lekòl yo fè evalyasyon sistèm vantilasyon lekòl yo pou asire konfòmite, epi kreye yon mekanis pou finansman leta sipòte reparasyon ak amelyorasyon ki nesesè nan sistèm vantilasyon lekòl yo. Li mande tou pou leta asire fonksyonman pwogram tès siveyans COVID-19 an gwoup chak semèn nan tout lekòl piblik yo san okenn frè pou distri lekòl yo. Li mande leta pou asire ke tout anplwaye ak elèv lekòl piblik yo gen aksè a PPE san okenn frè pou distri lekòl yo. Finalman, li kreye yon komisyon espesyal pou etidye vantilasyon ak tanperati lè nan enstalasyon lekòl piblik yo.

